mardi 13 octobre 2015
DOULÈ NÈGÈS
Anba yon kout lapli mwa dawout
Tranche fè jigote yon bèl nègès
Pat gen ni en, ni de wout
Ke yon fanm saj de tout mès.
Kout tanbou doulè
Fèl danse yanvalou
Yon sèl mo, yon sèl kè
Li kouche
Li chita
Li debou
Konesans li pèdi
Selman vwal kap di
Wouch, manmanm souple
Rele fanm saj pou mwe
Ala tranche boule
Ô boumbawoule
Ô nazoumwele,
Ô mèt gede
Souf mw ap kouple
Mw pral trepase
Nan rale vant ak lwil maskriti
Fanm saj ouvri pasaj pou li
Yo jete dlo pou balendjo
Jouk ki pouse tchovi moun yo
Yon moso jilèt, pou koupe kòd lonbrit
Yon riban twèl pou evite flit.
Ti pye bannann
Ki tap fleri, peri
Poul peyi. Pèdi lavi
Twa jou ti beny
Yon mwa gwo beny
Yo frete lanati
Pou kaba fredi
Se ti te jenjanm
Pou kenbe li djanm
Fès li dekontwole
Anba vapè dlo cho
Ki fèl swe, depi nan très chevel
Pou rive jous nan pyel.
Rezinyasyonl
Se lè, lap gade bebe
Ak yon souri beni
Pou moke doulè
Epi lap di ak yon vwa zegi
Gad cheve li
Gade fontenn li
Gad ti zorèy li
Gade sousil
Gad ti zyel
Gad ti bwa nenl
Gad ti bouch li
Mmmm, wata di se papal
Poutan'l pa okipel.
Map pran kouraj
M pito mande charite
Pou'm baw ledikasyon
Demen,
Wa va enjenyè
Wa va doktè
Wa va avoka
Wa va pwofesè
Wa va majistra
Wa va depite
Wa va senatè
Poukwa pa, yon prezidan.
Ô, lezòm
Ô, lavi
Ô, lanmò
Yon ti vomisman
Yon ti frèv frison
Melanje ak yon grip
Li tonbe rele, san rete
Elas! Bebe a mouri.
Inscription à :
Publier les commentaires (Atom)
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire