mardi 13 octobre 2015

HENRIETTE DE SAINT-MARC

HENRIETTE DE SAINT-MARC

Botew se te kout zeklè
Ki devève seri'k
Vewouye pòt syèl
Rann lanjelis jalou
Lè'w bay 7tè, koulè mov
Lè'w jwenn sekrè
Pou triche lakansyèl
Rann li vin pòv
Tankou se kalbas
Ki fin nwasi 
Anba karès solèy midi
Tetew ak koulè po'w
Chire, defòme, 
Tout moso twèl
Ki bare bouda mapou
Devan kazèn tou kanpe
Joul an bandisyon
Listwa mete'n nan dezawa
Ak pase'k fè larivyè dlo sal
Ka meprize totwa
Henriette, sèvi ak bote
Kòm pwazon vyolan
Pou blanchi kalkè'k
Anpeche'n vasiye
Henriette sèvi ak bote
Pou debwete mile
K'ap toupizi krebete
Nan djakout malere
Nanm patri pat an vi
Li pote twou pou file zegi
Domaj, ti sekrè 
Pat ret diskrè
Wale, foumi ki baw nouvèl

Poète Marco, Le Coquet


  1. •LAVI TI NÈG•

 •••••••••••••••••••••••

Vant li mare disèt ne
Ak kòd trip lamizè
Li soti nan zile kote gwo van soufle
Sou presyon lavi chè

Anba tout kout matinèt lavi
Li di depim la gen lavi
Ak yon bokit dlo pyas
Li mache jous li elas
Lap pwonmennen tout kote
Poul jwenn de je kreve

Anba zago lonbraj li
Pou'l kontwole solèy midi
Ak yon plat chen janbe
Di pyas ji gwo koze

Kou solèy di babay
Se poul kouche sou yon nat pay
Somèy nan kont ak rèv'ay
De grenn zyel nan karese fetay

Lavi ti nèg?
Se de, twa gout dlo ki chita
Nan yon flanm dife
Wi, dlo'k senbolize lespwa
Majorite nan yon pilye

Lavi ti nèg?
Se yon melankoli
Ki vale bave lavni
Se yon trajedi
Ki manje vès yon senfoni

Aaah pantalon lavi a
Gen yon sèl mezi
Men nou tout
Pa gen menm longè.

DOULÈ NÈGÈS


Anba yon kout lapli mwa dawout
Tranche fè jigote yon bèl nègès
Pat gen ni en, ni de wout
Ke yon fanm saj de tout mès.

Kout tanbou doulè
Fèl danse yanvalou
Yon sèl mo, yon sèl kè
Li kouche
Li chita
Li debou
Konesans li pèdi
Selman vwal kap di
Wouch, manmanm souple
Rele fanm saj pou mwe
Ala tranche boule
Ô boumbawoule
Ô nazoumwele,
Ô mèt gede
Souf mw ap kouple
Mw pral trepase
Nan rale vant ak lwil maskriti
Fanm saj ouvri pasaj pou li
Yo jete dlo pou balendjo
Jouk ki pouse tchovi moun yo
Yon moso jilèt, pou koupe kòd lonbrit
Yon riban twèl pou evite flit.

Ti pye bannann
Ki tap fleri, peri
Poul peyi. Pèdi lavi
Twa jou ti beny
Yon mwa gwo beny
Yo frete lanati
Pou kaba fredi
Se ti te jenjanm
Pou kenbe li djanm
Fès li dekontwole
Anba vapè dlo cho
Ki fèl swe, depi nan très chevel
Pou rive jous nan pyel.

Rezinyasyonl
Se lè, lap gade bebe
Ak yon souri beni
Pou moke doulè
Epi lap di ak yon vwa zegi
Gad cheve li
Gade fontenn li
Gad ti zorèy li
Gade sousil
Gad ti zyel
Gad ti bwa nenl
Gad ti bouch li
Mmmm, wata di se papal
Poutan'l pa okipel.

Map pran kouraj
M pito mande charite
Pou'm baw ledikasyon

Demen,

Wa va enjenyè
Wa va doktè
Wa va avoka
Wa va pwofesè
Wa va majistra
Wa va depite
Wa va senatè
Poukwa pa, yon prezidan.

Ô, lezòm
Ô, lavi
Ô, lanmò

Yon ti vomisman
Yon ti frèv frison
Melanje ak yon grip
Li tonbe rele, san rete

Elas! Bebe a mouri.